Haïti va mal

Bonjour / Bonswa tout Ayisyen🇭🇹 .👇🏽

🇭🇹ATANSYON,   ATANSYON,   ATAN-SYON🇭🇹

Mesaj sa konsène sitou moun ki gen timoun pwòch yo.

Mwen kwè li enpòtan jodi a, pou nou sispann viv nan manti ak pwòp tèt nou.
mwen Rele Hervé. Map viv pòtoprens.  Mesaj sa li enpòtan anpil poum di nou l jodi a. Sa depann de enpòtans ou bali ou menm wa patajel ak lòt moun.

Mwen se yon kretyen de Legliz Katolik Apwostolik Womèn, mpa vin fè buz, mpa vin bay fab, dayè Jezikris di moun ki itilize non Bondye mal va gen pou peye konsekons sa. 6 janvye 2019 konvre vini pou levem tou vivan, nou tout se pechè, malgre kèm pa ase pwòp men Bondye toujou benim, menm apre lanmò manmanm ki te yon gwo sipò pou mw, se 1er fwa map fè yon travay konsa.

mwen resevwa lòd depi Jedi swa pou rive vendredi sen poum di pèp Ayisyen ak rès mond lan ke denye jou a pa lwen nou, e si nou pa pran lapawòl de Dye o serye lap fatal pou nou. Mwen pa moun ki janm antre nan lojik sa yo, mw pa konnen si se paske Bondye wèm rebèl nan sans, sa oswa li wè pwoblèm kem genyen ak moun ki toujou ap di Bondye voye yo fè sesi sela yo kifèl banm komisyon sa, moun ki vle pran, pran. sak pavle mwen pa responsab.

Jezi pa lwen tounen pèp Ayisyen. E Ayiti pral bay anpil san, anpil san ap koule, sa nou we nan tokyo,la salin pako anyen devan sa na gen poun wè ak tande, toupatou an Ayiti tanzantan wap tande dife pran nan yon zòn, anpil timoun pral mouri sitou nan lekòl yo.

Map di nou sa Prezidan peyi livre peyi a bay lisifè poul ka fin fè rès mandal la.
Moun ki moun pwovens ka konn tande pratik sa par egzanp lè di w yo vann yon lakou ak tout moun ladanl bay djab. Sa vle tout moun ki demere nan lakou sa djab la va bwè san yo. Eben se konsa sa rive pou ayiti la.
Sa se enpòtan wi pep la, se poun priye. Mwen konnen nou se pep ki plis neglijan kem konnen, tout bagay se bleg pou nou.

Chak maten nou pral konstate dè kadav tribò e ababò nan peyi a sitou nan pòtoprens. Yon moun ki pa bezwen anba lavil pa ale la pou mw svp.

Gen anpil zòn ki vann deja ak djab e moun komanse mouri ladan yo anpil tankou lilavwa , bon repo anpil moun ap mouri e pral mouri,  anpil timoun ap disparet.

Anpil demon ap nan lari pou sakrifye pitit Bondye men sila yo ki krè pap peri.

Pa ouve barye lannwit ba moun antre lakay nou.

Pa voye timoun al ht, genyen ki pap tounen.

Pa kite tout moun rantre kote nou dòmi, fèsal datant deyò kay la. Pa kite tout moun pile anndan kay nou, deyo pyejeeeeeeeeeee pep ayisyen.

Mezanmi se pa vant mwen ki plen epim pran telfon mw map djadjaye. Atansyon .

Se yon mesaj ki vreman enpotan.

Prezidan Jovenel vann peyi a.
Sim manti moun ki pwòp mandel sil pat resevwa yon pwosevebal de yon reyinyon ki fet nan Potoprens lan antre plizyè pastè de seri de gwo legliz ki gen anpil moun pou yo te mandel, yon akolad ak sekte opoze a. Pandan 4fwa

Li di non, men fòl fè res mandal la, se pa pou san rezon ou we leta nan zen ak leta, leta ak sekte prive, sekte prive ak gang elatriye... e chak sekte ap denonse youn lòt malis kache ap devwale.


Atansyon, atansyon tout paran pitit ki enterese ak vi timoun yo.
Marc 10:14

Ale nan lekòl yo mande yon jou chak semen pou timoun yo ale nan jèn ale sou lamontay avek timoun yo.


Ale sou lamontay al jene ak timoun yo svp.

Se pi gwo byen na fè pou yo.
Lekol la ka koutew 10 mil dola pou ane pou timoun lan epiw regret depans kob ou a.

Map di nou

Ale sou lamontay al jene ak timoun yo svp.


Ale sou lamontay al jene ak timoun yo svp.

Mezanmi   Ale sou lamontay al jene ak timoun yo svp.

Ke Bondye beni nou Ayisyen

Commentaires